x

Ambassadrice de l’UNICEF Canada, Porte-parole de Femmes exponentielles, Yama Laurent prépare une   Maîtrise  en santé publique. Cette originaire d’Haïti vivant au Canada depuis quelques années est la preuve vivante que lorsqu’on croit en ses rêves, ils peuvent devenir une réalité.

Gagnante de The voice Canada 2018, Yama poursuit encore un chemin bien éclairé. Ayant en son actif un premier Album éponyme à succès, elle a été depuis un copilote des tournées avec son Coach Garou un peu partout.

 Entourée de nombreuses personnalités de l’industrie de la musique au Canada; elle travaille en ce moment avec l’Auteur Kim Thuy sur un documentaire humaniste  et de son deuxième Album. Elle a lancé avec l’aide de beaucoup de gens influents dans la communication haïtienne et la maison d’Haïti à Montréal   « Haïti a besoin de nous « le mois d’Août 2021 suite au séisme dans le département du Sud pour une levée de fonds; qui a été d’après elle une satisfaction et le clic pour se rapprocher encore plus de son pays Haïti.

Vèsyon Kreyòl

Yama Laurent se yon Anbasadè UNICEF Kanada, Pòtpawòl pou Fanm Eksponansyèl yo. Li ap prepare yon metriz nan sante piblik. Yo te revele talan li pou mizik apre patisipasyon li nan chanpyona Mondyal la nan « Performing Arts », yon konpetisyon ki ta pèmèt li genyen yon bousdetid.

Se konsa, li te eksploze. Li te genyen « The voice Canada 2018 » epi li te pwodui premye albòm li ki te yon gwo siksè. Yama Laurent antoure ak anpil pèsonalite nan endistri mizik la nan Kanada; li ap travay kounya ak otè Kim Thuy sou yon dokimantè imanis ak dezyèm albòm li pandan li ap miltipliye sèvis li ak antrenè li « Garou » ki te pèmèt li genyen konkou a.

Fyète ayisyèn sa a enkyete sou sitiyasyon peyi a, li te lanse, ak lòt patnè enfliyan nan kominikasyon, ansanm avèk « la maison d’Haïti à Montréal », « Ayiti bezwen nou » / « Haïti a besoin de nous » pou ranmase lajan pou viktim tranblemanntè 14 Dawou 2021 an nan Sid Ayiti.

Yama Laurent se prèv vivan ke lè ou kwè nan rèv ou, yo ka vin yon reyalite.

Contact

85, Rue Albert, Bureau 1110
Ottawa, Ontario, K1P 6A4 – Canada

Téléphone : (613) 238-1628

Télécopieur : (613) 238-2986

Email : info@ambassade-haiti.ca

Heures de Service

Du lundi au vendredi: 9h à 14h (sur rendez-vous)