Envestisman ayisyen ak etranje : Se motè  yon devlopman dirab…

Envesti an Ayiti se yon tèm tou nèf nan langay diplomatik chanselri Ayiti a.  Pafwa gen moun ki konn poze kesyon sou sa.  Premye  minis lan, Ekselans Mesye Laurent Lamothe,  nan prezantasyon politik jeneral li anndan Paleman an , te defini nouvo tèm sa a ak tout sa ki  fè fös li epi li te demontre nesesite li. Nou  ap mande moun ki vle, si  yo  pa te ko fè sa,  pou yo  konsilte dokiman Premye minis lan sou dosye sa a.  Petèt, li ta menm bon, menm si se rapidman, pou  nou bay kèk enfòmasyon sou nosyon sa a, ki se yon sous lespwa nan moman difisil jounen jodi a.

Lè nou sonje pa gen yon nasyon ki kab viv pou kont li,  tout peyi dwe voye reprezantan  ofisyèl yo, toupatou, kote kondisyon estratejik  sou plan jewografik, politik oubyen  ekonomik ekzije li fè sa.  Konsa, Ayiti genyen  anbasad, konsila jeneral, oubyen onorifik nan peyi  kote ki gen anpil Ayisyen  epi kote enterè politik, ekonomik epi komèsyal yo  ekzije sa.

Sepandan, diplomasi reprezantasyon an, menm lè li itil, pa kab rann tout kalite sèvis.  Alaverite, li genyen sa ki bon ladan. Ayiti benefisye anpil  ladan yo : èd rapid kominote entènasyonal nan divès domèn- esansyèl  nan lavi nasyonal  la , rann nou anpil sèvis nan anpil sikonstans. Epi, nou di peyi ki zanmi nou yo mèsi pou solidarite yo ak jenewozite yo.  Jounen jodi a, pou sa ki ap pase anndan peyi a, nou dwe genyen yon diplomasi dinamik, aktif, ki ale nan sans  pwogrè ak devlopman dirab peyi Ayiti.

Daprè noumenm, konsèp diplomasi ki baze sou biznis lan  demontre, plizoumwen, nou pa vle chita ap tann  èd entènasyonal sèlman.   Prensipal objektif diplomasi baze sou biznis lan : se chèche, san rete, envestisman nan  peyi etranje  pou peyi nou.  Sa ki pi bon an, sèke   mouvman rekonstriksyon ak refondasyon peyi a ofri okazyon an …

Travay misyon diplomatik nou yo, san neglije natirèlman responsbllite yo genyen pou konsève epi ranfòse, lè li nesesè, lyen amitye ak kowoperasyon nou genyen ak peyi zanmi nou yo, se pou fè envestisè ki nan peyi etranje yo wè Ayiti se yon peyi kote moun ap travay epi ki kab ba  yo anpil avantaj : travayè kalifye; salè konkiransyèl; rapidite pou tabli pwojè yo, paske gen lalwa ki fasilite yo sa; avantaj fiskal; epi pi plis toujou.

Nou fenk sot li, sou sit anbasad Ayiti a nan Kanada, tout sa ki esansyèl, daprè nou, nan diplomasi ki tabli sou biznis, gouvènman Ayiti ap prezante toupatou a. Bò kote pa li,  misyon an ap kontinye fè  travay pwomosyon an,  nan  kontak li  yo avèk tout  enstitisyon ki kalifye pou sa  nan divès pwovens Kanada yo.

Se sa ki fè, pa gen lontan,  yon delegasyon moun ki nan biznis nan  Kebèk te ale Pòtoprens avèk  Konsil jeneral  Ayiti ki Monreyal la, Me Justin Viard.  Pandanstan, nan nivo federal , yon misyon ki soti Kanada, avèk envestisè kanadyen, pral vizite Ayiti, anvan yo rive, oka yo  ta bezwen li, Anbasadè Ayiti, nan Kanada a, Mesye Frantz Liautaud ap deja la ap tann yo.

Pou plis enfòmasyon

Mnistè komès ak endistri

Ministè Agrikilti ak Resous Natirèl

Sant fasilitasyon envestisman yo  SFE-AYITI 

Administrasyon Jeneral Ladwann

 Ministè  Touris