x

Kovid-19, koronaviris la menase lavi lèzòm sou tout planèt la. Modòd rete lakay ou a, bannou yon grenn opòtinite san parèy, pou nou viv deviz nou ki se – Men anpil chay pa lou- men tou li bay jenerasyon sa-a posibilite pou li reyalize yon revolisyon tou nèf ki ap montre nou se vrè pitit Ero ayisyen yo ki te bannou peyi Dayiti ann eritaj nan lane 1804.


18 me 2020, sou platfòm rezo sosyal youtube ap genyen yon espektak gratis apati midi pou rive jiska 2è nan apre midi (Lè zòn lès amerik dinò). Ap gen patisipasyon gwo Erkiven ak atis ayisyen, pèsonalite ki fè non yo nan zafè foutbòl ak tout lòt kalite spò, pwofesyonèl ak inivèsitè enpi kèk fanmi ayisyen ki gaye tou patou sou planèt la ak lakay ann Ayiti, tout moun sa yo ap selebre enpi demontre kijan yo rete kole sere sere ak drapo Ble e rouj la, ki se yon senbòl wodpòte liberasyon pèp brav ak eroyik sa-a, yon viktwa kont kolonizasyon epi kreyasyon batistè nasyon ayisyen an, gen plis pase 2 syèk depi lè sa te rive. Nan espektak entènasyonal sa-a, ap genyen mesaj kèk reprezantan ofisyèl : tankou anbasadè ak konsil nou yo ki nan kèk vil kote ki genyen yon kominote ayisyen dyanm.


Pandan deroulman espektak sa kote nou tout ap patisipe benevòlman, nan yon jès solidarite espesyal, ap genyen yon potekole ranmase lajan pou sektè lasante Ayiti-a ki nan tèt ploton ki ap goumen kont pwoblèm sante piblik mondyal nou ap travèse jounen jodi-a. Konsa, nou ap envite tout moun ki ap asiste espektak sa sou entènèt la pou yo fè transfè dirèk sou kont bank sant Gheskio, Doktè Pape ap dirije a, Li se yon asyisyen ki fè non li atravè lemond antye epi ki kredib. Se li ki ap sipèvize komisyon sante ki ap koòdone tout jefò prevansyon ak demach tretman kont koronaviris la andedan peyi-a. Konsa, tout pandan espektak la e menm apre espektak la enfòmasyon kont labank sant Geskhio-a ap afiche sou ekran nou yo pou nou ka fè don nou yo. Animatè yo ap suiv alaloup don ki ap fèt yo pou yo ka bannou rapò detanzantan sou kijan sa ap pase, pandan yo ap ankouraje plis moun patisipe nan selebre fèt drapo ble e rouj la. Animatè yo ap entèveni apatide vil sa yo : Ottawa, Montreal, Toronto, New York ak Paris
Nou envite ou kòmanse patisipe depi koulye-a nan gwo mouvman mobilizasyon entènasyonal ayisyen sa-a :

  • Annrejistre yon ti klip video ki ap dire 3 min apeprè, voye li bay ekip BIA Media.ca pou pi ta 10 me 2020; yo deja pare pou yo fè anrejistreman-an avèk ou an liy depi ou genyen zouti elektwonik debaz pou fè sa. Kontakte yo san pèdi tan nan adrès imel sa-a : biamedia.ca@gmail.com


Si ou rete nan rejyon Ottawa osnon Montreal, ekip Radio Tele Shining la pare pou rankontre ak ou prese prese- yo ap respekte modòd kanpe lwen 2 bras distans lan pou pwoteje ou kont Koronaviris la pandan yo ap anrejistre an dirèk ak ou kilp video ou la. Kontakte yo nan adrès imel sa-a : info.radioshining@gmail.com


Depi li posib pou ou, voye klip video ou la nan biamedia.ca@gmail.ca, se yo ak Tele Radio Shining ki responsab verifye kalite ak montaj teknik espektak sa-a ki ap fèt an liy sou platfòm rezo soyal youtube epi ak sou lòt modèl platfòm rezo sosyal, jou ki ap 18 me a soti midi pou rive jiska 2è nan apre midi


Si ou genyen kesyon, kontakte koòdinasyon jeneral evenman nan adrès imel sa : lepauguste2@hotmail.com

Contact

85, Rue Albert, Bureau 1110
Ottawa, Ontario, K1P 6A4 – Canada

Téléphone : (613) 238-1628

Télécopieur : (613) 238-2986

Email : info@ambassade-haiti.ca

Heures de Service

Du lundi au vendredi: 9h à 14h (sur rendez-vous)