1.  Manda pou touche lajan retrèt

2. Lòt kalite manda

    – nan biwo anbasad la

    – lakay ou

 

1. Manda pou touche lajan retrèt

Pri manda pou touche lajan retrèt : 25 CAD

Dokiman ou bezwen

1. Bay prèv ou se Ayisyen.  Montre yon batistè ou, oubyen yon ekstrè rejis nesans ou osnon nenpòt lòt kopi sètifye ki menm ak orijinal la.

2. Montre yon pyès idantite pou pwouve  ki estati ou genyen nan Kanada. Montre yon paspò ayisyen oubyen paspò etranje ki valid.

3. Ranpli epi siyen fòmilè demann pou preparasyon manda a avèk presizyon sou pouvwa ou vle bay moun k ap reprezante ou epi prensipalman ane fiskal la ak presizyon sou fon pansyon retrèt la.

4. Ou dwe peye ak lajan kanadyen avèk chèk / manda lapòs ki fèt sou non Anbasad Ayiti nan Kanada oubyen ankò ak lajan kontan.

5. Si se nesesè,  ou dwe montre yon sètifika medikal osnon nenpòt lòt dokiman parapò ak moun k ap fè demann lan. Se sa ki ap pèmèt biwo a valide siyati ou nan plas moun ou vle siyen pou la a.

6. Pote tout lòt dokiman ou kwè ki esansyèl selon ka a osnon kategori manda a.

 

Pou plis enfòmasyon:

Yon manda pou touche lajan retrèt se yon papye legal, ki jeneralman valab pou yon ane fiskal ayisyen. Ane fiskal kòmanse apati 1ye  oktòb pou rive 30 septanm. Manda sa a pèmèt ansyen fonksyonè leta, ki te patisipe nan yon fon pansyon lè yo te aktif, madanm yo oubyen mari yo, oubyen ankò fanmi yo resevwa, selon dispozisyon lalwa, yon pati nan kontribisyon yo te konn fè nan fon retrèt la.

Lè se manda pou moun touche lajan retrèt, li enpòtan pou moun ki ap fè demann lan rele misyon Misyon Ayiti a pou yo konnen ki fòmalite ki nesesè  oubyen yo kab ale nan biwo Misyon an pou  yo depoze demann lan pèsonèlman epi siyen tousuit.  Moun kap fè demann  lan dwe la an pèsòn pou siyen dokiman an.

Moun yo bay manda a dwe bay dizon li anvan pou li gen dwa akonpli fonksyon ki sou manda a.

 

2. Lòt kalite manda

Pri manda yo : 35 CAD

Manda nan biwo Anbasad la, manda lakay ou

Dokiman ou bezwen

1. Bay prèv ou se Ayisyen.  Montre batistè ou, oubyen yon ekstrè rejis nesans ou osnon nenpòt lòt kopi sètifye ki menm ak orijinal la.

2. Montre yon pyès idantite pou pwouve  ki dokiman ou genyen pou w viv nan Kanada. Montre yon paspò ayisyen oubyen paspò etranje ki valid.

3. Ranpli epi siyen fòmilè demann pou preparasyon manda a avèk presizyon sou pouvwa ou vle bay moun ki ap reprezante ou epi prensipalman ane fiskal la ak presizyon sou fon pansyon retrèt la.

4. Ou dwe peye ak lajan kanadyen, avèk chèk / manda lapòs ki fèt sou non Anbasad Ayiti nan Kanada oubyen ankò ak lajan kontan.

5. Si se nesesè,  ou dwe montre yon sètifika medikal osnon nenpòt lòt dokiman parapò ak moun k ap fè demann lan. Se sa k ap pèmèt biwo a valide siyati ou nan plas moun ou vle siyen pou la a.

6. Pote tout lòt dokiman ou kwè ki esansyèl swivan ka a osnon kategori manda a.

 

Pou plis enfòmasyon :

Pou manda ki konsène dosye imobilye, finansye  – an rezime, manda pou reprezantasyon- Li enpòtan  pou ou rele biwo Misyon an pou yo di w ki sa pou ou fè.  Ou kab resevwa konsèy nan imèl oubyen nan lapòs.

Si se pou fè yon don oubyen si se yon manda pou yon papye w ap siyen an blan (blanc-seing) ou vle fè anrejistre, w ap bezwen de (2) temwen.

Moun ki  pa Ayisyen dwe prepare manda yo a kay yon avoka oubyen yon notè ki nan zòn kote y ap viv la.  Misyon diplomatik la ap genyen pou li fè Ministè Afè Etranjè ak komès entènasyonal  Kanada sètifye manda a. Apresa, Misyon diplomatik la ap kab legalize li. Se va menm demach la pou kèlkeswa sitwayen k ap fè demann pou yon manda pandan li lwen (adistans).

Pri a se : 55 CAD  (35 + 20 CAD)

(Lakay ou)

Dokiman ou bezwen

1.  Bay prèv ou se Ayisyen.  Montre yon batistè ou, oubyen yon ekstrè rejis nesans ou osnon nenpòt lòt kopi sètifye ki menm ak orijinal la.

2. Montre yon pyès idantite pou pwouve  ki estati ou genyen pou w viv nan Kanada. Montre yon paspò ayisyen oubyen paspò etranje ki valid.

3. Ranpli epi siyen fòmilè demann pou preparasyon manda a avèk presizyon sou pouvwa ou vle bay moun k ap reprezante ou epi prensipalman ane fiskal la ak presizyon sou fon pansyon retrèt la.

4. Ou dwe peye ak lajan kanadyen, avèk chèk / manda lapòs ki fèt sou non Anbasad Ayiti nan Kanada oubyen ankò ak lajan kontan.

5. Si se nesesè,  ou dwe montre yon sètifika medikal osnon nenpòt lòt dokiman parapò ak moun k ap fè demann lan. Se sa k ap pèmèt biwo a valide siyati ou nan plas moun ou vle siyen pou la a.

6. Pote tout lòt dokiman ou kwè ki esansyèl selon ka a osnon kategori manda a.

 

Pou plis enfòmasyon :

Manda yo pote ba ou lakay ou

Sèvis sa a se yon sèvis ki disponib pou granmoun nan laj avanse  ki genyen pwoblèm lasante difikilte oubyen ki lopital epi ki gen difikilte pou yo deplase.

Depi yon moun  ap resevwa manda a lakay li dwe genyen de (2) temwen prezan. Sòf pou ka espesifik, kote Chèf Misyon an va bay pèmisyon li.

Genyen lòt  sèvis administratif yon moun kab resevwa lakay li.