1. Legalizasyon pou adopsyon

    * Nan Biwo Anbasad la

    * Adistans

2. Lòt kalite legalizasyon oubyen anrejistreman

 

1. Legalizasyon pou adopsyon

Pri a se : 140 CAD

Nan Biwo Anbasad la

Dokiman ou bezwen

1. Ou dwe genyen tout dosye a nèt oubyen yon pati .

2. Ou dwe ranpli epi siyen  fòmilè demann pou adopsyon an.

3. Ou dwe genyen prèv dokiman ou genyen pou w viv nan Kanada.

4. Ou bezwen yon pyès idantite ak foto w.

5. Pou ou peye, ou kab sèvi ak lajan kontan oubyen ou kab bay  yon chèk ak lajan kanadyen ki gen garanti labank. Ou dwe fè chèk la sou non Anbasad Ayiti nan Kanada.

Pou plis enfòmasyon  :

Adopsyon se yon aksyon legal ki kreye yon relasyon  lafanmi (manman-papa-pitit) san pa genyen okenn rapò byolojik reyèl. Nan papye adopsyon an yo konn yon mwayen pou genyen yon relasyon ant timoun yo adopte a ak fanmi li sou plan jenetik; se menm jan tou, adopsyon an konn lakòz relasyon ant timoun lan ak manman epi papa byolijik li  koupe sèk.

Legalize dokiman pou adopsyon osnon tout lòt aksyon, se rekonèt epi renouvle yon siyati oubyen tout siyati ajans MAECI yo, oubyen tout chanmnotè ki abitye voye siyati ak paraf nan Misyon diplomatik la.

Pou demann yo fè nan Anbasad la, dwe gen yon manda ki bay yon avoka oubyen tout lòt moun ki gen responsablite a pouvwa pou li aji nan non moun ki fè demann lan, prensipalman pou chwazi timoun lan. Sepandan, gen ka kote adopsyon an kab fèt ant moun ki nan menm fanmi.

Nan premye rankont lan, yo bay moun ki fè demann lan yon dokiman sou tout etap ki genyen nan yon adopsyon, fòmilè pou fè demann legalizasyon an epi fòmilè pou demann preparasyon manda a.

Pyès yo kab legalize swa pandan pwosesis adopsyon an ap fèt la (yon pati nan dosye a) swa  nan finisman pwosesis ( tout dosye an antye).

Adistans

Dokiman ou bezwen

1. Dosye a dwe konplè. 2. Ou bezwen yon prèv ki demontre ajans adopsyon an se yon ajans ki fyab.  3. Ou bezwen yon nòt ki pou akonpaye demann lan avèk  non yon moun ki responsab sèvis w ap mande a.  4. Pou ou peye pou sèvis la ou dwe sèvi ak yon chèk labank garanti.   5. Ou bezwen yon anvlòp retou ki tou genyen tenb sou li oubyen nimewo kont ou genyen avèk yon konpayi ki delivre lèt.

 

Pou plis enfòmasyon:

Misyon diplomatik la resevwa regilyèman anvlòp pou demann legalizasyon dokiman pou adopsyon. Anvlòp sa yo soti nan plizyè lòt Pwovens, ki pa Kebèk,  yo rive apati  filyè Ministè afè etranje ak komès entènasyonal nan Kanada ( MAECI), apre verifikasyon ajan legal, ki prepare pyès ki nan dosye a oubyen ki sètifye yo konfòm, fin sètifye siyati yo otantik.  Pafwa se moun ki fè demann adopsyon an ki voye anvlòp pou demann legalizasyon dokiman pou adopsyon an nan Misyon diplomatik la, paske li pa te fè afè avèk yon ajans adopsyon entènasyonal.

Apre MAECI fin verifye siyati legal yo otantik, pwosesis la kontinye avèk seksyon konsilè Misyon diplomatik la fin legalize dosye a (sèvis legal)  epi retounen li bay moun ki te voye anvlòp retou ak tout tenb lan oubyen ki te bay nimewo  kont li genyen avèk yon konpayi  ki delivre lèt.

Moun kap fè demann yo oubyen ajans adopsyon an gen responsablite voye an Ayiti an final twa kopi dosye a pou pi piti : kopi orijinal yo, Ministè afè etranje Ayiti ap legalize yo yon lòt fwa epi 2 lòt kopi.

Apre Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR) fin bay apwobasyon li, pwosesis la ap kontinye jouktan moun lan jwenn papye adopsyon an, epi menm lè moun yo adopte a  oubyen yo adopte yo fin rive Kanada.

Yon moun ka konsilte pwosesis la an antye.

Depi ane 2010 Sekretarya pou adopsyon sou plan entènasyonal, ki  nan Pwovens Kebèk la, te kanpe tanporèman tout enskripsyon pou adopsyon timoun k ap soti Ayiti.  Anvan lontan, nou va eseye korije sitiyasyon sa a.

 

2. Lòt kalite legalizasyon oubyen anrejistreman

Pri a : 20 CAD

Dokiman ou bezwen

1. Ou bezwen yon pyès idantite ak foto-w sou li.

2. Ou bezwen dokiman orijinal la oubyen kopi legal li MAECI deja sètifye  ki sanble ak orijinal la. Otreman, Misyon an ap okipe sa apati aksyon adistans.

3. Ranpli fòmilè pou fè demann legalizasyon an epi siyen li.

4. Pou peye pou dokiman yo ou dwe fè yon chèk labank garanti nan non Anbasad Ayiti nan Kanada. Chèk la dwe fèt ak lajan kanadyen oubyen ou kab peye ak lajan kontan.

 

 

Pou plis enfòmasyon :

Sèvis legal seksyon konsilè a ka legalize  tout dokiman yo bezwen itilize an Ayiti oubyen nan yon Misyon diplomatik  osnon konsilè ayisyen nan peyi etranje depi  MAECI Kanada di li otantik. Pou sa rive fèt, moun ki  fè demann lan dwe bay dokiman orijinal la  avèk yonn osnon plizyè siyati  otantik ajans legal yo oubyen yon kopi legal  (notarye),  yo sètifye ki sanble ak orijinal la.

Yon anrejistreman pa bezwen  yon otantifikasyon ak siyati legal alavans. Li la pou pwouve tout enfòmasyon moun ki fè demann lan anrejistre nan seksyon konsilè a epi moun lan genyen yon dokiman ki sèvi li kòm prèv pou konfime sa.