Pri pou transkripsyon  ak etranje : 35 CAD

Dokiman epi moun ki dwe la

1. Li preferab pou ou pote yon fotokopi tout ak ki deja fèt.

2. Yon pyès idantite valid ki gen yon foto sou li.  Selon pyès idantite moun lan bay la, yo kab mande li yon dezyèm, oubyen se kab yon fason pou valide premye a.

3. Ranpli fòmilè ki fèt pou sa ( genyen de (2) fòmilè), siyen yo epi fè verifye yo.

4. Kòb w’ap gen pou ou bay la dwe an dola ameriken. Se Achiv nasyonal Ayiti a ki fikse pri a.

5. Pou w’ fè yon deklarasyon nesans ou bezwen transkripsyon dokiman ofisyèl la.

 

6. Pou yo prepare yon  deklarasyon nesans fòk manman ak papa timoun lan la, oubyen yonn nan yo de a avèk yon temwen.

7. Pyès idantite pou manman, papa timoun lan ak temwen an (deklarasyon nesans).

 Pou plis enfòmasyon:

Misyon diplomatik, ki bay ak, ki soti nan biwo rejis ofisyèl peyi etranje yo, prensipalman sètifika nesans yo, kapab fè transkripsyon papye sa yo. Moun, ki fè demann lan, ap gen pou li fè anrejistre ak la nan Achiv Nasyonal Ayiti.

Yon ak pou maryaj ki fèt nan legliz, pou divòs oubyen pou lanmò, se souvan yo  ak Ofisye eta sivil transkri.