Pri pou batistè a: 52 USD

Dokiman epi moun ki dwe la

1. Li preferab pou ou pote yon fotokopi ak nesans (batistè) ou bezwen yo chèche pou a oubyen yon fotokopi ekstrè rejis nesans lan.

2. Yon pyès idantite valid ki gen yon foto sou li.  Selon pyès idantite moun lan bay la, yo kab mande li yon dezyèm, oubyen se kab yon fason pou valide premye a.

3. Ranpli fòmilè  ki fèt pou sa ( genyen de (2) fòmilè), siyen yo epi fè verifye yo.

4. Kòb w’ap gen pou ou bay la dwe an dola ameriken. Se Achiv nasyonal Ayiti a ki fikse pri a.

5. Pou ou fè yon ak nesans (batistè) ayisyen   pou yon timoun ki fèt sou tè etranje, ou dwe fè transkripsyon dokiman ofisyèl peyi kote timoun lan fèt la.

 

6. Manman ak papa timoun lan dwe la, oubyen yonn pami yo de (2) a avèk de (2) temwen pou deklarasyon nesans lan.

7. Yo bezwen pyès idantite manman ak papa timoun lan oubyen temwen yo pou deklarasyon nesans lan.

Pou plis enfòmasyon :

Batistè  (ak nesans)  suiv menm demach ak  prèske tout papye leta sivil.  Yo kab prepare yo lè moun lan prezante devan Ofisye leta sivil ki nan sektè kote li rete a, ak yon òdonans  lajistis epi anrejistreman nan Ofisye leta sivil la, oubyen apati yon kopi konfòm ki fèt pou sa epi ki soti nan Achiv Nasyonal Ayiti.

Moun, ki ap mande pou yo fè rechèch kopi konfòm dokiman ki soti nan Achiv Nasyonal Ayiti, ta dwe renmèt yon kopi dokiman an  oubyen dokiman yo avèk enfòmasyon yo tankou yo ekri sou dokiman an ( non manman ak papa moun lan fèt pou li byen ekri, ane moun lan fèt, vil kote li fèt la …,) paske si yo bay move enfòmasyon sa ap rann rechèch la initil.

Pou moun ki fè demann rechèch pou yonn oubyen plizyè ekstrè rejis ak eta sivil,  Ministè Afè Etranje, apre li fin resevwa dokiman yo ki soti nan Misyon diplomatik la,  ap voye  yon demann espesyal nan  Achiv Nasyonal Ayiti epi li ap rete an kontak ak Achiv nasyonal la sou dosye a.

Depi Ministè Afè Etranje fin resevwa dokiman an oubyen dokiman yo, li ap voye li, oubyen li ap voye yo, nan yon delè rezonab, nan Anbasad Ayiti  a, ki va kontinye ak pwosesis la.

Si Achiv nasyonal pran tan  pou li reponn, Ministè Afè Etranje ap tyeke avèk Achiv la tanzantan sou dosye a.

Si Achiv nasyonal Ayiti a voye yon nòt pou li di li pa jwenn dokiman an, moun ki  fè demann rechèch la ap resevwa yon kopi nòt ki soti nan Achiv nasyonal Ayiti a.

Achiv nasyonal Ayiti ap fè eksperyans avèk lòt metòd travay ki kab pèmèt yo  jwenn dokiman moun yo voye chèche yo pi fasilman.

Misyon diplomatik ayisyen yo ansanm ak konsila yo gen mwayen pou yo bay kèk ak leta sivil.