Pri pou paspò :

93 USD (Tretman nòmal)

123 USD (Tretman dijans)

15 USD (Frè pou rechèch)

 

 

Dokiman obligatwa

1. Yon prèv ou se Ayisyen, yon batistè orijinal, oubyen yon kopi konfòm ki soti nan achiv oubyen nenpòt lòt kopi ak yon garanti li se menm ak orijinal la.

2. De (2) foto ditantite  fòma  35 pa 45 mm an koulè men avèk fon an ki an blan. Ekri non ou sou do chak foto.

3. Yon pyès didantite ki pwouve kondisyon legal ou nan Kanada oubyen nan yon lòt peyi avèk yon paspò ki valid oubyen ki pa valid. Se kab yon paspò ayisyen oubyen yon paspò etranje.

4. Fòmilè pou demann paspò a fèt pou li ranpli epi ou dwe siyen li avèk yon plim ki gen lank nwa. (Se obligatwa).

5. Si yon fi  marye, separe, divòse oubyen  pèdi mari li, depi non mari li parèt ansanm ak non pa li,  fi a dwe bay yon papye ofisye detasivil daprè kondisyon matrimonyal li. Sa vle di : papye maryaj, jijman  pou separasyon an , papye divòs, papye lanmò mari a. Anplis de sa li dwe bay pwòp batistè pa li.

6. Kòb ou pral peye a ap depann sou rapidite yo mete pou yo prepae paspò a.  Ou dwe peye ak lajan ameriken,  avèk yon manda-lapòs / yon chèk ki fèt sou non : Ambasad Ayiti nan Kanada.  

7. Moun  ki lwen, epi k ap fè yon demann paspò, va mete anndan anvlòp ki gen demann lan , yon anvlòp vid rekòmande oubyen  an kourye eksprès.

8. Nimewo katdidantite avèk yon kopi dokiman an kòm prèv ( sa pa valab pou moun ki minè).

9.  Otorizasyon fanmi moun lan (pou moun ki minè).

10. Yon rapò lapolis ( sèlman si moun lan pèdi paspò li).

11. Yon deklarasyon sou sèman ka posib, si moun lan pa genyen paspò li nan  men li oubyen si li te pèdi li nan yon peyi ki pa  Kanada.

12. Moun ki pèdi tèt yo, oubyen ki gen yon gwo andikap ap bezwen yon otorizasyon espesyal.

13.Pou konsiderasyon espesyal yo, an plis prèv sitiyasyon espesyal la, moun ki fè demann lan dwe bay tout dokiman ki mansyone pi wo a ansanm ak lajan pou yo fè paspò a.

Pou plis enfòmasyon :

Yon paspò ayisyen se, an premye, yon dokiman pou administrasyon Leta. Yon moun kab genyen li si li fè demann lan pou tèt pa li oubyen pou yon moun ki sou kont li, sa se ka moun ki minè oubyen yon sitwayen ki sou kont yon lòt moun tanporèman.  Se paspò a ki ap pèmèt moun ki genyen li an  pase nan nenpòt pò, ayewopò, oubyen pòs fontyè terès entènasyonal.

1. Moun ki majè

Lè yon moun ki majè vle vwayaje, li toujou bon pou li genyen yon paspò valid pou plis pase sis mwa (dat la dwe bon pou plis pase sis mwa).

Pou yon moun fè demann paspò, li dwe genyen livrè ansyen paspò a oubyen yon prèv ki demontre paspò li pèdi, jeneralman yo dwe genyen yon rapò lapolis , oubyen ankò,  moun lan dwe fè yon deklarasyon sou sèman. Deklarasyon sou séman an se pou moun ki  pa te janm gen yon paspò.  Moun lan va jwenn nan lapòs oubyen pandan li sou plas yon fòmilè espesyal pou demann paspò.

Daprè sa moun lan di pou esplike li te pèdi paspò li a oubyen li pa te janm genyen yon paspò, yo kab mande li reponn yon kesyonè anplis rapò lapolis la (si se pèdi paspò a te pèdi), konsa tou  yo kab mande li pou li fè yon deklarasyon sou sèman ( si li pa te janm genyen yon paspò, oubyen pou tout lòt sitiyasyon ki lakòz li pa genyen paspò a nan men li).

Nan ka yon Tretman nòmal, moun ki fè demann paspò a genyen 10 pou rive 20 jou pou li peye pou paspò a. Si se yon Tretman dijans, l ap genyen 5 jou pou li peye lajan paspò a.

Yo kab mande yon moun pou li peye 15 USD, si pou yo chèche ak deta sivil nan sistèm santral Wachintonn lan pou li. Pou yo kab fè rechèch la, moun ki fè demann lan dwe genyen ansyen paspò li apti ane 2002.

Li trè enpòtan pou moun ki  fè demann paspò a ekri non li sou do foto li yo.  Si non moun lan pa parèt  sou chèk labank yo, osnon sou manda lapòs la, oubyen sou manda labank lan, li dwe ekri non li sou yo tou.

2. Moun ki minè

Yon moun ki majè kapab fè yon demann paspò pou yon minè. Men, li ta pi bon pou se manman ak papa timoun lan ki fè demann lan  . Si se yonn pami yo de (2) a ki deside fè demann lan, li dwe genyen konsantman lòt la, oubyen moun ki gen responsablite timoun lan. Moun ki ap fè demann paspò a ap gen pou li bay tout pyès reglemantè yo pou timoun lan ansanm ak yon kopi pyès didantite manman ak papa timoun lan oubyen moun ki responsab timoun lan legalman an. Anplisdesa, yo ap gen pou yo siyen yon otorizasyon parantal.

Anvan nou deplase pou nou al pote tout pyès yo mande nou  nan misyon diplomatik la, li toujou bon pou nou telefòne biwo a.

 

3. Lòt konsiderasyon

Pou yo aksepte oubyen refize yon demann paspò, yo gen pou yo konsidere nouvo lwa peyi a adopte oubyen sitiyasyon espesyal moun ki fè demann paspò a.

Selon sitiyasyon an, Misyon diplomatik la kab poste nouvo paspò a avèk pwòp mwayen pa li.