Pri pou sètifika idantite ak sètifika vwayaj : 50 CAD

Dokiman ou bezwen

1. Yon fòmilè ki ranpli epi ki siyen.
2. Pyès idantite avèk foto.
3. Kopi ansyen paspò-w
4. Kopi batistè a ( ak nesans) pou yo verifye, si se posib, òtograf non ou ak prenon ou.
5. Rezon ki fè ou vin fè demann dokiman an.
6. Yon nòt enstitisyon ki fè demann lan nan non sitwayen ayisyen an pou akonpaye dosye a
7. Prèv ou se sitwayen ayisyen.
8. Ou dwe peye pou sètifika a ak lajan kanadyen.

pou plis enfomasyon:

Dokiman sa a se tankou yon paspò ki valab sèlman pou w’ ale Ayiti. Se sèl Chèf misyon an  / responsab afè konsilè yo ki kab deside ki moun ki kab genyen dokiman sa a, ki rele fèydewout, oubyen ki pa dwe genyen li. Anvan yo bay moun lan sètifika idantite ak pèmi vwayaj la, li dwe bay garanti, kou li rive Ayiti oubyen nan nenpòt lòt peyi, li pral fè demann pou li genyen yon paspò tou nèf.

Yon Enstitisyon ka fè demann sètifika idantite ak pèmi vwayaj la nan non yon Ayisyen ki ap viv nan peyi etranje epi ki pa genyen pyès idantite oubyen paspò.  Genyen ka kote yo kab bay yon moun dokiman sa a atit koutwazi.