Pri pou deklarasyon nesans lan: 35 CAD

Dokiman epi moun ki dwe la

1. Li preferab pou ou pote yon fotokopi tout ak ki deja fèt.

2. Yon pyès idantite valid ki gen yon foto sou li.  Selon pyès idantite moun lan bay la, yo kab mande li yon dezyèm, oubyen se kab yon fason pou valide premye a.

3. Ranpli fòmilè ki fèt pou sa ( genyen de (2) fòmilè), siyen yo epi fè verifye yo.

4. Kòb w ap gen pou ou bay la dwe an dola ameriken. Se Achiv nasyonal Ayiti a ki fikse pri a.

5. Pou w fè yon deklarasyon nesans ou bezwen transkripsyon dokiman ofisyèl la.

 

6. Pou yo prepare yon deklarasyon nesans fòk manman ak papa timoun lan la, oubyen yonn nan yo de a avèk yon temwen.

7. Pyès itantite pou manman, papa timoun lan ak temwen an (deklarasyon nesans).

 

Pou plis enfòmasyon :

Pou timoun ki gen 0-2 zan, li posib pou manman ak papa timoun lan fè prepare yon deklarasyon nesans, ki kab gen menm fòs ak nenpòt sètifika nesans peyi etranje ki transkri epi  antre nan Achiv Nasyonal Ayiti pou anrejistreman li. Apresa, pou moun lan genyen yon ekstrè rejis nesans.

Prezans de (2) temwen yo obligatwa.

Lè gen demann pou fè prepare deklarasyon nesans ki fèt kèk tan apre timoun lan fin fèt, demach yo kab kòmanse nan misyon an pou yo fin regle yo Ayiti.

Jeneralman, yo dwe deklare nesans yo nan menm mwa akouchman an fèt la oubyen nan yon delè (15) jou.

Pou plis detay, konsilte kòd sivil ayisyen an  Tòm I, atik 55 rive 62.