Pri pou  papye maryaj la (ak maryaj) : 52 USD

Dokiman epi moun ki dwe la

1. Si  ou bezwen  yo fè rechèch ak maryaj pou ou, li preferab pou ou pote yon fotokopi ak maryaj la (papye maryaj) oubyen yon fotokopi ekstrè rejis maryaj  la.

2. Pyès didantite valid avèk foto w sou li. Daprè pyès moun lan bay la, yo kab mande li  yon dezyèm pou yo valide premye a.

3. Ranpli fòmilè  ki fèt pou sa ( genyen de (2) fòmilè), siyen yo epi fè verifye yo.

4. Kòb w’ap gen pou ou bay la dwe an dola ameriken. Se Achiv nasyonal Ayiti a ki fikse pri a.

5. Pou ou fè anrejistre  ak maryaj (papye maryaj) ou  nan Achiv nasyonal Ayiti, ou dwe fè transkripsyon dokiman ofisyèl la.

 

6. Pou yo prepare ak maryaj la pou ou, fòk ou genyen de (2) temwen avèk ou.

7.Temwen yo dwe genyen yon pyès didantite. Si se nesesè yo kab mande yo yon sètifika lapolis.

 

 

Pou plis enfòmasyon :

Ak maryaj yo (papye maryaj) swiv menm demach ak prèske tout papye leta sivil.  Yo kab prepare yo lè moun lan prezante devan Ofisye leta sivil ki nan sektè kote li rete a, ak yon òdonans lajistis epi anrejistreman nan Ofisye leta sivil la, oubyen apati yon kopi konfòm ki fèt pou sa epi ki soti nan Achiv Nasyonal Ayiti.

Moun, k ap mande pou yo fè rechèch kopi konfòm dokiman ki soti nan Achiv Nasyonal Ayiti, ta dwe renmèt yon kopi dokiman an oubyen dokiman yo avèk enfòmasyon yo tankou yo ekri sou dokiman an ( non manman ak papa moun lan fèt pou li byen ekri, ane moun lan fèt, vil kote li fèt la …,) paske si yo bay move enfòmasyon sa ap rann rechèch la initil.

Pou moun ki fè demann rechèch pou yonn oubyen plizyè ekstrè rejis ak eta sivil, Ministè Afè Etranje, apre li fin resevwa dokiman yo ki soti nan Misyon diplomatik la, ap voye  yon demann espesyal nan Achiv Nasyonal Ayiti epi l ap rete an kontak ak Achiv nasyonal la sou dosye a.

Depi Ministè Afè Etranje fin resevwa dokiman an oubyen dokiman yo, l ap voye li, oubyen l ap voye yo, nan yon delè rezonab, nan Anbasad Ayiti  a, ki va kontinye ak pwosesis la.

Si Achiv nasyonal pran tan pou li reponn, Ministè Afè Etranje ap tyeke avèk Achiv la tanzantan sou dosye a.

Si Achiv nasyonal Ayiti a voye yon nòt pou li di li pa jwenn dokiman an, moun ki fè demann rechèch la ap resevwa yon kopi nòt ki soti nan Achiv nasyonal Ayiti a.

Achiv nasyonal Ayiti ap fè eksperyans avèk lòt metòd travay ki kab pèmèt yo jwenn dokiman moun yo voye chèche yo pi fasilman.

Misyon diplomatik ayisyen yo ansanm ak konsila yo gen mwayen pou yo bay kèk ak leta sivil.