PWOSESIS POU FÈ ADOPSYON AN AYITI
I. Antre an kontak ak Ministè Sèvis sosyal nan peyi ki ap resevwa timoun lan
II. Ou dwe genyen pyès sa yo :
Pou moun yo ap adopte a oubyen timoun lan
1. Twa (3) foto idantite ki pa fèt lontan
2. Yon atestasyon timoun lan se yon timoun yo abandone – Yon sètifika transfè ( si se nesesè)
3. Batistè oubyen yon ekstrè ki soti nan achiv
4. Yon prèv timoun lan se yon timoun yo abandone
5. Istwa lavi timoun lan
6.Yon evalysyon sikolojik
7. Pwosèvèbal pou adopsyon [yon papye ki demontre fanmi timoun lan dakò epi yon deklarasyon moun ki ap adopte timoun lan]
8. Yon sètifika medikal detaye (Ekazamen Laboratwa, SIDA, «tès pou anemi falsifòm») 9. Papye maryaj manman ak papa timoun lan sou plan byolojik oubyen yon ekstrè Achiv pou timoun lejitim yo
10. NIF manman ak papa byolojik timoun lan
P.B. ( Pa Bliye) Si yonn nan fanmi timoun lan mouri oubyen si tout de mouri, fòk ou genyen papye lanmò li oubyen papye lanmò tou de moun yo oubyen papye legal Konsèy Fanmi ki gen timoun lan sou kont li an.
Lè se yon timoun fanmi li abandone, ou dwe prezante papye ki demontre yo te abandone timoun lan epi ou dwe genyen otorizasyon Meri ki nan sikonskripsyon timoun lan ap viv la pou jijman omologasyon an.
Se nan biwo Ofisye Deta Sivil, kote fanmi timoun lan abite a pou yo al deklare timoun lan fèt. Se Jijdepè, kote moun ki ap adopte timoun lan ap viv la oubyen kote timoun yo adopte a ap viv la, ki pou fè pwosèvèbal adopsyon an.
Pou moun / moun yo ki ap fè adopsyon an oubyen fanmi timoun yo ap adopte a
1. Twa (3) foto resan pou idantifye moun ki aplike pou adopsyon an
2.Moun ki ap fè adopsyon an dwe fè yon demann oubyen li dwe ekri yon lèt demann adopsyon pou voye li nan Ministè sèvis sosyal yo an Ayiti (IBESR an fransè)
3. Batistè oubyen yon ekstrè achiv ( si moun ki fè demann adopsyon an se Ayisyen)
4. Papye maryaj ( si nou ta bezwen li)
5. Yon manda espesyal ki legalize (Ajan konsilè ayisyen ki nan peyi kote moun lan ap viv la)
6. Otorizasyon ki soti nan men otorite konpetan nan peyi kote moun ki pral adopte timoun lan ap viv la
7. Yon Sètifika medikal detaye (Ekzamen Laboratwa)
8. Garanti materyèl : Lèt travay – Atestasyon pou salè – Papye pou byen moun lan genyen – Atestasyon labank
9. Evalyasyon sosyal anndan kay moun ki ap vle adopte timoun lan
10. Evalyasyon sikolojik
11. Sètifika pou bònvi ak mès
12. De (2) lèt referans ki notarye
13. Genyen yon frè ki se sèt-mil goud ( 7 500 GHT an fransè)
III. Yo voye dosye a nan Ministè Afè Etranje Kanada pou yo verifye si li otantik, apresa yo voye li nan Anbasad Ayiti a nan Kanada ki retounen li bay moun ki te voye li ba li a ( moun ki ap fè adopsyon an oubyen ajans lan) apre yo fin legalize li.
IV. Se Ayiti ki pou finalize adopsyon an.
P. B. ( Pa Bliye) Si se madanm ak misye ki ap fè demann adopsyon an, se chak grenn moun ki dwe prezante tout pyès nesesè yo.
Tout dokiman ki ekri nan yon lang etranje fèt pou yo tradui nan lang franse osnon kreyòl epi yon ajan konsilè ki nan peyi moun ki ap fè adopsyon an dwe legalize yo. Twa kopi dosye a dwe ale Ayiti : dokiman orijinal Misyon diplomatik la ta genyen pou li travay sou li a ansanm ak de (2) lòt kopi.