Sa nou dwe konnen…

Seksyon sa a bay piblik la enfòmasyon sou fason pou yo fè  demach yo,  sou dokiman yo bezwen pou yo fè demann viza si yo vle pase yon tan byen kout oubyen lontan nan peyi a, sou fason pou yo fè demann pou paspò ak lòt dokiman administratif ayisyen  ansanm ak sèvis notarye.  .

Seksyon sa a genyen nan tèt li yon Konseye,  nan nivo diplomat, ki genyen yon premye sekretè kòm asistan ansanm avèk ajan pou analize dosye  ak dokiman ki pou al jwenn piblik la.