Ayiti-Kanada : relasyon solidè epi privilejye

Kanada nan premye plas pami patnè privilejye Repiblik Ayiti.

Fason Kanada manifeste  devouman  li pou Ayiti demontre  yon amitye sensè, san  okenn enterè patikilye.  Amitye sa a, se respè  ki ba li fòs. Ladan pa gen awogans ni anbisyon siperyorite, elatriye.

Sou plan kowoperasyon entènasyonal la espesifikman, èd Kanada bay Ayiti avèk Agence canadienne de développement international la (ACDI) ansanm ak pwogram  Ministère des Affaires Étrangères et du Commerce International la( MAECI)  pa gen parèy. Èd sa a parèt nan plizyè nivo : sosyo-ekonomik, edikasyon, pwofesyonèl, travay nan konstriksyon ak anpil lòt domèn sou plan estratejik.

Lè nou ale sou sit sa yo :
acdi-cida.gc.ca ak  www.international.gc.ca
Nou va jwenn tout travay Kanada ap fè an Ayiti.

Kouman ou vle nou bliye, nan premye moman  katastwòf janvye 2010 la, Kanada te la,  li te reponn prezan pou li soutni yon Ayiti devaste … Kòtakòt avèk lòt peyi kominote entènasyonal la, Gouvènman Kanada a te pote « premye swen dijans  yo» pou konpatriyòt sinistre yo epi li te pran angajman pou li kontribye lajman nan finansman pwojè rekonstriksyon peyi a.

Pa gen lontan,  malgre kriz ekonomik ki te mete do tout gwo pisans yo atè epi ki fòse Loksidan mare senti li, Kanada te kenbe menm bidjè li te dispoze pou Ayiti a san retire yon pwèlyèm.

Divès enfòmasyon sa yo demontre, daprè nou,  vrè fòs kowoperasyon AYITI-KANADA a. Se yon bon okazyon pou nou lwanje yon gran  epi bèl peyi, ki louvri pòt li bay tout moun. Se peyi sa a ki pèmèt Ayiti benefisye amitye li aktivman, nan moman difisil n ap viv la a pou yon devlopman dirab an Ayiti.