Lis ak (papye tenbre) misyon konsilè yo kapab mete adispozisyon nou ka koresponn trè byen ak sa ki soti nan sikilè Ministè Afè etranje. Lis ki la a fèt daprè sikilè Ministè sa a men li genyen kèk pase men ki fèt ladan pou li kab koresponn ak reyalite peyi kote misyon an ye a. Règleman ki la yo  pa final ni  tou yo  pa konplè.  Nou kab modifye yo lè li nesesè.

Papye tenbre konsilè yo divize an kat kategori :

I.- Ak administratif

II.-Ak Leta sivil

III.- Ak idantite

IV.- Ak notarye

Fòmilè nou itilize yo ka genyen sig yo daprè sèvis  yo dwe rann lan.

I.- Ak administratif yo

1. Demann paspò

2. Demann paspò an ijans

3. Demann pou renouvèlman paspò

4. Demann pou renouvèlman paspò an ijans

5. Diplikata paspò

6. Diplikata paspò an ijans

7. Demann viza vizitè

8. Demann viza imigran oubyen rezidans pèmanan

9. Demann enfòmasyon pou prepare deklarasyon pou yon paspò ki pèdi.

10. Kesyonè pou moun k ap deklare yo pèdi paspò yo.

11. Rapò chak semenn pou demann paspò.

12. Rapò chak semenn pou demann renouvèlman paspò.

II.- Ak leta sivil

1. Deklarasyon nesans

2. Atestasyon nesans

3. Rechèch pou ekstrè rejis nesans

4. Rechèch pou ekstrè rejis maryaj

5. Rechèch pou ekstrè rejis divòs

6. Rechèch pou ekstrè rejis lanmò

7. Deklarasyon pou di yon moun selibatè

8. Selebrasyon maryaj

9. Atestasyon pou pèmi kondui

10. Papye rekonesans

11. Papye adopsyon

 

 

 

III.- Ak idantite

1. Sètifika idantite ak pèmi vwayaj

2. Viza oubyen sofkondui

3. Paspò ak kat idantite

4. Sètifika nasyonalite ayisyen

5. Anprent dwèt

6. Lese-pase pou kadav

7. Legalizasyon oubyen anrejistreman dokiman idantite

 

IV.- Ak notarye

1. Pwokirasyon oubyen manda / Revokasyon manda

2. Ak legal (pou tranzaksyon komèsyal), Ekspedisyon oubyen ekstrè ak

3. Otorizasyon parantal

4. Deklarasyon sou sèman

5. Otantifikasyon dokiman

6. Kopi konfòm sètifye

7. Legalizasyon dokiman pou adopsyon

8. Legalizasyon dokiman

9. Kontra (papye) mayraj

10. Don

11. Testaman

 

P.B. ( Pa bliye) : Lis sa a pa  final ni tou li pa konplè.  Genyen sèvis nou pa bay.