Pri lese-pase pou yon kadav: 130 CAD

Dokiman pou genyen:

1. Si Ponp finèb la pa nan Ontaryo, oubyen nan rejyon Otawa-Gatino a, oubyen ankò si li nan Pwovens Ontaryo a, men lwen Misyon diplomatik la, w’ ap bezwen yon deklarasyon orijinal ak so Ponp finèb la epi siyati Direktè antrepriz la. Si sa posib, fè yon notè siyen deklarasyon an.

Deklarasyon sa a ap pèmèt yo konfime se kò moun ki mouri a sèlman ki nan sèkèy la epitou fason yo prepare kadav la oubyen tout lòt etap ensinerasyon yo respekte regleman etabli yo.

Se menm etap yo kap aplike, si w bezwen yon lese-pase pou ti bwat oubyen bokal ki gen sann kadav moun lan.

Si Ponp finèb la tou pre Misyon diplomatik la, anplis deklarasyon Direktè Ponp finèb la, Misyon an ka fè yon vizit nan Ponp finèb la pou li fè yon verifikasyon.

2. Ou bezwen papye orijinal sètifika medikal pou lanmò ( fòmilè 16)

3. Ou bezwen deklarasyon lanmò a ( fòmilè 15).
4. Ou bezwen pèmi pou antere kò a ( fòmilè 19).
5. Ou bezwen sètifika pou kadav la kite Pwovens Ontaryo a ( fòmilè 6).

6. Ou bezwen yon kopi de (2) premye paj paspò moun ki mouri a.
7. Ou bezwen yon kopi pèmi  Direktè Ponp finèb la.
8. Ou bezwen yon kopi orijinal rapò  anbomman kadav la avèk yon so sèch Direktè sèvis finèb la (sa valab pou kadav sèlman).
9. Ou bezwen yon sètifika, ki soti nan Biwo Lasante pou kadav. Se pou endike kadav la pa kontamine.
10. Ou dwe pote enfòmasyon sou wout avyon an oubyen kago a ap swiv pou li rive kote kadav la prale a ansanm ak yon kopi resi konpayi transpò a ba ou.
Pou yon kadav, yo kab mande ou pyès sa yo tou :
11. Pwosè vèbal atestan yo mete kadav la nan sèkèy la.
12. Ekstrè ak lanmò a ( papye lanmò a).
13. Yon papye ki ateste gen yon moun ki ap peye pou transpò ansanm ak rapitriman kadav la.
14. Yon papye medikal ki ateste kadav la pa kontamine.
15. Yon fòmilè yon fanmi oubyen reprezantan Ponp finèb la ranpli epi siyen .

 

Pou plis enfòmasyon :

Yon lese-pase pou kadav se yon dokiman ki pèmèt yo retounen yon kadav nan peyi kote moun lan fèt la, nan bon kondisyon. Se akò entènasyonal ki siyen ant divès peyi ki fasilite deplasman  yon kadav oubyen sann yon kadav nan peyi moun lan.  Kadav yon moun, apati antant ki siyen ant divès peyi ( LPK),  dwe  retounen pi fasilman nan peyi kote moun lan fèt la, nan tan lapè tankou nan tan lagè ak katastwòf natirèl.  Kadav la dwe jwenn pwoteksyon nan tout peyi kote li pase anvan li rive nan peyi kote yo ap tann li an.

Yon lese-pase pou kadav dwe fèt daprè regleman Pwovens nan Kanada kote moun lan ap fè demann pou lese-pase a.