Seksyon sa a gen yon kokennchenn enpòtans pou Gouvènman an ak Misyon an.  Nan pawòl Anbasadè a ekri apwopo « Diplomasi baze aou biznis» lan epi ki parèt nan tèt paj ki anndan  sit la ki rele Envesti an Ayiti, pati enpòtan konsèp kle sa a parèt an brèf, men, li parèt aklè, yon fason pou esplike opòtinite ki ladan. Nan moman  desizif sa a nan istwa nou, objektif la se chèche envestisman san rete pou peyi a, ak lide pou gen yon devlopman dyanm nan Ayiti an mach tou Nèf la.

 

Nan liy ki pi ba yo, nou  ap jwenn  kèk lyen ki ap mennen nou nan Ministè ak òganizasyon otonòm, ki la pou enfòme, konseye, gide epi bay envestisè etranje osnon ayisyen garanti ak posiblite pou yo tabli antrepriz yo rapidman anndan peyi a nan yon tan byen kout

Ministè Komès ak Endistri (MKE) : www.mci.gov.ht

Ministè Planifikasyon ak Kowoperasyon Eksteryè (MPKE) : www.mpce.gouv.ht

Ministè Agrikilti, Resous Natirèl ak Devlopman Riral  (MARNDR) : www.agriculture.gouv.ht

Ministè  Touris: www.haititourisme.gouv.ht

Sant Fasilitasyon Envestisman (SFE) : www.cfihaiti.net

Sant Fasilitasyon Envestisman yo, ki se Sekretarya Teknik Kominikasyon Endistriyèl Envestisman yo, la pou li bay tout enfòmasyon konsènan etap yon envestisè ka suiv pou li konnen avantaj li kab jwenn, fason pou li resevwa epi pou li konnen demann avantaj yo, fason pou li transfere yo, kote yo dwe ale pou yo analize pwojè yo teknikman, fason pou yo rete okouran dewoulman demach yo nan sikwi administrasyon an jiskaske Komisyon Entèministeryèl Envestisman an rive bay repons final li.  Yo kab jwenn fòmilè avantaj ki pou pèmèt yo konnen avantaj pou ankouraje yo envesti an Ayiti nan  Sant Fasilitasyon Envestisman an ( SFE) :

■   Kòd pou envestisman yo

■  Sektè ak domèn aktivite ki elijib

■   Sikui administrasyon ki responsab pou bay avantaj pou ankouraje envestisè

■   Etap pou jwenn avantaj pou ankouraje envestisè

■   Fòmilè pou avantaj ki ap ankouraje envestisè :

.        Fòmilè Endistri Nasyonal

■   Fòmilè Agrikilti-Atizana

.        Fòmilè pou Elijibilite-Touris

.        Kànva touris

.        Fòmilè pou Lòt sektè yo

.        Fòmilè senplifye pou tekstil Endistri Reyekspozisyon

.        Fòmilè pou sektè Ekspòtasyon ak Reyekspozisyon

■  Pou ou genyen yon franchiz . (MEF)