Branch sa a responsab t0ut sa ki konsène  lasyans, ledikasyon ak espò.  Li fè moun konnen divès aksyon gouvènman an nan domèn ki site pi wo a epi li ranfòse echanj ki ap fèt nan dosye sa yo avèk Kanada, asosyasyon ki nan Kanada epi òganizasyon entènasyonal yo.

Gen yon antant gouvènman ayisyen an ak gouvènman Kebèk la te siyen nan mwa me 2011, kote yo te prevwa ekzante, yon maksimòm,  34 ayisyen ak viza etidyan, pou yo pa peye montan etidyan etranje yo dwe peye pou kou yo  pran nan inivèsite. Etidyan sa yo ap peye menm pri  ak etidyan kanadyen yo. 

Daprè antant sa a, etidyan sa yo ap genyen bous la pou yon pwogram espesifik tan plen pandan yon peryòd tan  limite. Lè etidyan an fin konplete tout kou li yo nan pwogram lan, bous la ap disponib pou yon lòt etidyan. Leta Ayiti bay bous la daprè sektè gouvènman Replik Ayiti a bay priyorite. Moun ki kab enskri, se moun ki nan nivo : Doktora, Metriz ak Bakaloreya.   
Si pou yo bay yon etidyan ayisyen bous sa a, fòk :

  • Li gen yon etablisman ansèyman nan Kebèk ki aksepte li
  • Li gen yon paspò ki valid. Paspò a dwe genyen viza ki nesesè daprè regleman imigrasyon
  • Li ranpli tout dokiman ki nesesè yo epi voye yo nan Anbasad Ayiti nan Otawa nan delè yo ba li yo.

Moun ki enterese nan pwogram sa a ka jwenn fòmilè pou fè demann li nan adrès sa yo :

– Ministè Afè etranje Ayiti
Delmas 60
Port-au-Prince, Haïti
(509) 2813-1468 ; (508)-445-4295, (954) 703-5658

– Anbasad Ayiti nan Kanada
85 rue Albert, bureau 1110
Ottawa (Ontario)
K1P 6A4
Tél.: (613) 238-1628

-Konsila jeneral Ayiti nan Monreyal
1100, boul. René-Lévesque Ouest, bureau 1520
Montréal (Québec)
H3B 4N4
Tél.: (514) 499-1919

P.B. (Pa Bliiye) : Gouvènman ayisyen an pa pran okenn angajman pou ede kandida pou bous la jwenn yon viza etidyan. Se etidyan an ki pou regle sa an Ayiti avèk konsila kanadyen an.

Pou plis enfòmasyon :

Gouvènman kanadyen an bay lòt bous etidyan, men, se pa Anbasad la ki jere yo. Pou plis enfòmasyon, nou kab al verifye nan sit entènèt sa yo :

MAECI ;

Pwogram Bous Gouvènman Canada ak  Pwogram bous Commonwealth Programme de
http://www.cbie-bcei.ca/fr/scholarship- program- management-fr/scholarships

Programme canadien des Bourses de la
Francophonie (PCBF) (ref. ACDI)
http://www.bourses.gc.ca

Bourses de l’ACDI pour l’éducation et la
formation des jeunes (BAEFJ)/Gestion : Bureau
canadien d’éducation international (BCEI)

http://www.educationau-incanada.ca/

Initiative Bourse Canada-Haïti
Programme de Bourses de l’OEA
http://www.scholarships-bourses.gc.ca/