Seksyon lakilti nan Anbasad la genyen manda pou li bay enfòmasyon sou aktivite sosyokiltirèl ayisyen, aktivite atistik epi espòtif ki ap fèt Ayiti kou nan Kanada. Li la tou pou li fè pwomosyon patrimwàn  istorik, atistik epi  li ap travay  pou prezève atizay ak lakilti peyi Ayiti sou tè etranje. Seksyon kiltirèl la genyen yon foksyon patikilye nan lyezon li tabli ant enstitisyon nasyonal yo , kowoperayon entènasyonal la epi gwoup asosyasyon ayisyen yo nan Kanada.

Kit se evennman literè, mizikal, sosyokiltirèl, Anbasad la disponib pou li ede enstitisyon, gwoup kominotè, ekriven, atis pent, atis an jeneral, pèsonalite politik ak lòt gwoup moun pou fè pwomosyon divès evennman ki ap fèt Ayiti kou nan Kanada.

Relasyon ak Kominote a

Men nan men ak Seksyon Lakilti a, Anbasad la genyen yon relasyon espesyal avèk kominote ayisyen an. Kolaborasyon an chita sou bon jan relasyon ki fèt nan lamoni.

Tankou misyon Anbasad la tabli li a, Anbasad la patisipe regilyèman nan aktivite kominonte ayisyen an lè asosyasyon ki aktif nan kominote a  envite li .

Relasyon avèk kominote a fèt apati kànal kominikasyon sa yo :

  • Antrevi nan radyo avèk kominote a
  • Rankont / chita koze avèk  kominote a apati :
    • Legliz yo
    • Asosyasyon ak òganizasyon kominotè yo
  • Biznis kominotè yo
  • Preparasyon aktivite kominotè nan tèt ansanm
  • Materyèl nou prete pou pwomosyon lakilti