Pou akonpli responsablite Leta ayisyen ba li nan Kanada, Anbasad Ayiti a  òganize li daprè estrikti sa a :

  • Resepsyon ak Akèy

Se sèvis sa a ki pran apèl telefonik yo epi ki resevwa  vizitè ki vin chèche enfòmasyon nan Anbasad la.  Se apati sèvis sa a tout demann yon moun genyen ka ale nan biwo lòt sèvis ki genyen nan Anbasad la.

  • Sekretarya ekzekitif

Se biwo sa a ki resevwa tout lèt ki rantre chak jou nan Anbasad la.  Moun ki fè travay asistan ekzekitf la, se limenm ki responsab bon fonksyonnman sekretarya a, orè randevou Anbasadè a ak pèsonèl diplomatik la nan misyon an.

  • Administrasyon

Se Administrasyon an ki ap jere pèsonèl Anbasad la, resous finansye li yo   ak materyèl li genyen yo. Se limenm tou ki  fè envantè tout sa misyon an posede ansanm ak mwayen kominikasyon nan misyon an.  Administrasyon an jere bidjè misyon an, li pran nòt tout depans ki fèt ak rantre lajan yo pou li kab redije rapò finansye ki ale nan Ministè Afè Etranje.

  • Seksyon komès ak Envestisman yo
  • Seksyon Konsilè
  • Seksyon Kiltirèl

Seksyon Edikasyon. Fòmasyon . Bous.