Lis pri

$40 CAD (Pou yon sèl rantre nan peyi a)

$50 CAD (Pou plizyè rantre nan peyi a)

Dokiman ki nesesè

1. Pyès didantite ki pwouve kondisyon legal ou nan Kanada.

2. Yon paspò peyi etranje ki valid.

3. Yon fòmilè demann viza byen ranpli epi ki gen siyati moun ki ap mande viza a, yon fotodidantite fòma 35 pa 45 mm.

4. Se ak lajan kanadyen pou ou peye pou viza a. Ou kab fè yon chèk sètifye  oubyen yon mandalapòs nan non Anbasad Ayiti  nan Kanada . Ou kab peye ak lajan kontan.

5. Yon nòt demann viza ki soti nan Enstitisyon ki ap mande viza a.

6. Pou viza ofisyèl yo ak pou viza diplomatik yo genyen yon demach espesyal.

Pou plis enfòmasyon

Yon viza se yon «so otantik sèvis diplomatik yo ( Anbasad yo, Konsila yo) mete nan paspò a  ki bay  moun ki gen paspò a  dwa pou li  rete nan peyi ki ba li viza a pou yon sèten tan  nan bi presi moun lan te mande li a».

Misyon diplomatik yo kab bay 4 tip viza : viza senp pou vizitè,  viza ofisyèl oubyen espesyal, viza diplomatik.

Se Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an Ayiti ak Ministè enteryè   ki kab bay viza pou moun ki ap rete viv nan peyi a, (men ki la  pou lontan), ak pou moun ki bezwen rezidans pèmanan nan peyi a.  Sepandan, demach yo kab kòmanse nan Misyon  diplomatik la.

Si nou rele  nan telefòn,  nou kab jwenn pi plis enfòmasyon.